mercredi 25 septembre 2019

Prezidan Jovenel Moïse desann kanson l ankò nan diskou li a



Diskou prezidan an te anonse pou aswè madi 24 septanm lan. Men jiska inè nan maten mèkredi 25 septanm lan, gen sitwayen ki t ap plenyen sou rezo sosyo yo sou diskou sa ki pat janm prezante. Konseye kominikasyon prezidan ta dwe konnen reta nan adrès la redui nan enpak ak kredibilite kominikasyon an. Epi diskou a pa pote anyen nouvo, ankenn solisyon a kriz politik, ekonomik k ap boulvèse bil peyi a aktyèlman. 



Prezidan Jovenel Moïse nan diskou mèkredi
25 septanm 2019 la
Pou kòmanse, dekò twa drapo dèyè prezidan an te twòp. Li pat nesesè. Yon sèl drapo t ap sifi. Twa drapo louvri a melanje ak fon an bwa pat agreyab pou gade. Dekò a pa pase byen.

Kanta fason prezidan an te li diskou a fè li sanble timoun move metè ansèn te dirije pou di pwezi. Li monte, desann ton an twòp, li fè twòp jès ki pa apwopriye. Gen de lè ton an fè li sanble moun k ap fè siplikasyon. Gen de moman nan diskou a prezidan an te fè pitye. Epi ton li te itilize a pat ase fè m pou yon chèf Leta. An menm tan tou, yon ton ak twòp otorite pa t ap apwopriye nan sikonstans sa non plis. Ton an ak jès li yo fè li sanble move aktè k ap jwe teyat. Prezantasyon an te twò teyatral, sa ki ka fè li pèdi konfyans moun k ap koute l yo. Epi pati an fransè a se te pwezi nèt ki t ap di. Jan l te pale a pat tradui ankenn senserite, li pat konvenkan. Li plis te sanble yon moun k ap fè sinema. 

Sou kontni diskou a, kominikasyon an pase akote. Paske apre w tande prezidan an ki fin pale, ou pa jwenn anyen ki nouvo ni ankenn gwo desizyon ki ta sanble pral chanje konjonkti revòlt, ensekirite, kraze brize, lavi chè, ak pwoblèm polititik yo. 

Yon diskou yon prezidan ki te fè silans pandan yon bann tan alòske sitiyasyon peyi a vin malouk anpil, pa ka yon swit de konsta ak pleyen. Prezidan an nan diskou ki, jiska inè dimaten pat ko difize a, gaspiye plis ke senk minit nan 13 minit ap plenyen menm jan ak yon sitwayen òdinè de katastwòf peyi Dayiti twouve l jounen jodi a. Nan 3 premye minit diskou l la, Prezidan Jovenel bliye responsabilite l kòm premye responsab konstitsyon peyi a bay obligasyon pou fè peyi a mache kòmsadwa. Li pa rann li kont chak fwa l ap fè dyagnostik sou lavi chè, ensekirite, timoun ki pa ka al lekòl, biznismann k ap pèdi envestisman yo piye, boule, malere ak malerèz ki pou yo viv, se chak jou pou yo sòti al degaje yo epi ki pa ka sòti… Se di li di li pa ranpli misyon l kòm responsab ki la pou fè tout bagay mache byen. Plenyen sa yo, san li pa rann li kont afebli li kòm chèf Leta, etalaj katastwòf sa yo, san li pa rann li kont se konfimasyon gouvènman li an echwe nan misyon li genyen pou rann lavi sitwayen ayisyen yo miyò. Epi dyagnostik sa yo se prèv tou pil pwomès lavi miyò, kreyasyon richès li te fè pandan kanpay li a ak nan kòmansman manda l la se te pawòl anlè, istwa pou fè ti bebe dòmi.

Nan diskou prezidan an, li sèlman di li pase premye minis “ilejitim” li an, Mesye Lapin, enstriksyon pou pran mezi pou retabli sekirite. Sa se yon fòmil. Ki pa yon mezi. Epi si  se sèlman kounye a li ta pase chèf ilejitim CSPN lan lòd pou retabli sekirite nan peyi a, se t ap yon gwo mankman, paske ensekirite ak kesyon gang ame k ap taye banda nan peyi a, se pa yon fenomèn ki fèk parèt. 

Apre sa ki ta sanble lòt solisyon li ta vle pran pou rezoud pwoblèm politik la, se lè li pale de dyalòg. men li pa pale ak ankenn gwoup dirèkteman. Li jis di li vle dyalòg.  Se tankou yon swè li fè. Anplis sa se pa yon bagay nouvo. Paske envitasyon pou fè dyalòg la, Prezidan an jwe kat sa deja. Li pa mache. Li kreye deja twa komisyon dyalòg ki jouk jounen jodi a pa bay ankenn rezilta. 
Li pale de gouvènman enklizyon. Men pawòl sa pa nouvo non plis. Epi branch radikal opozisyon an te rejte solisyon sa deja epi yo te di yo pa vle nan gouvènman ak Prezidan an. 

Men nan diskou prezidan an, gen pawòl an daki ki ta sanble menas. Li di twa fwa li pap reponn pa vyolans politik. Poukisa li te oblije soulinye sa, si sa pa pou li yon opsyon? Anpil moun ki gentan opine sou diskou prezidan an panse se tankou li ta di li ta ka reponn pa vyolans politik tou. Se tankou yon menas anpil moun entèprete pawòl sa.

Pandan gen pawòl ki ap pale sou kadisite palman an ki pa lwen rive, kòmkwa ekzekitif la ap tann moman sa rive pou l ka dirije li menm sèl alòske se li ki gen devwa pou òganize eleksyon,  prezidan di li “pran ak”, Sena a pa reponn a responsabilite l nan bay gouvènman posibilite pou yo prezante politik jeneral yo. Pawòl sa ta konfime lide ki vle kwè pouvwa a ta vle enstale an gwo ponyèt gouvènman Fritz William Michel la.

Diskou prezidan an pa gen konsistans, li pa apwopriye ditou a konjonkti aktyèl la, li pa pote anyen nouvo, li pa yon kominikasyon ki ta ka apeze lespri boulvès ki genyen aktyèlman an. Li pa di anyen konkrè ki ta ka ede yon moun kwè demen ka pi bon. Pa gen okenn anons djanm ki adrese revandikasyon moun ki mande pou konbat koripsyon, enpinite, lavi chè… Nou pa menm konsidere revandikasyon k ap mande l rache manyòk li a. Paske li pa ta ka reponn a sa, sof si volonte l se ta kraze kite sa. 

Apre diskou prezidan an, pa gen Ayisyen ki jwenn okenn asirans y ap ka sòti nan lari a demen, menm jodi a, tout aktivite paralize;  pa gen moun ki gen espwa apre si mwa ap gen yon gouvènman lejitim nan tèt peyi a, pa genyen ki gen asirans y ap ka frekante san risk zòn Bisantnè, Pòtay, elatriye. Pa gen moun ki menm gen espwa lavi chè a ta ka bese, pa gen okenn Ayisyen ki gen asirans nan de, twa mwa pap gen rate gaz ankò. Diskou prezidan pa pote anyen, ni espwa. Se yon kominikasyon ki rate objektif li.

Gaspard Dorélien
Dèlma
25 septanm 2019


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire